H-2A/H-2B Resources (Haitian Creole)

Gid pratik H-2: yon nouvo opòtinite ekonomik pou Ayisyen nan kad pwogram viza non-imigran Etazini H-2A/H-2B a

Gras ak pwogram sansibilizasyon CGD yo epi sipò lòt aktè kle nan gouvènman ameriken an, Ayiti te ajoute nan mwa janvye 2012 la nan lis peyi kalifye pou pwogram viza travay ki pi gwo nan Amerik la- pwogram bay viza tanporè H-2A (Agrikòl) ak H-2B (ki pa agrikòl) pou travayè ki pa twò kalifye yo. Se yon kokenn chenn opòtinite ki ouvè pou travayè ayisyen ak tout fanmi yo. Si pou pi piti 1,000 Ayisyen ta profite an menm tan viza sa a pou vin travay nan peyi Etazini nan 10 lane k ap vini la yo (sèlman yon pou san (1%) nan tout viza H- 2 yo), sa t ap rapòte dirèkteman apeprè 200 milyon dola ameriken anplis nan revni travayè ayisyen ak fanmi yo, sa ki t ap gen yon pakèt enpak ekstraòdinè sou ekonomi ayisyen an an jeneral.

Li rete pou kounye a pou konvenk patwon ameriken yo ak rekritè ke moun ka fè konfyans an Ayiti pou anboche travayè ayisyen nan kad nouvo opòtinite viza sa a.

Okòmansman, CGD bay resous sa yo pou pati ki enterese yo ka gen aksè ak enfòmasyon egzat sou pwogram viza H-2 a:

Fèy Enfòmasyon sou Viza H-2A (Agrikòl)
Fèy Enfòmasyon sou VIZA H62B-(ki pa agrikòl)
Resous ki vize Anplwayè Ameriken yo
Wòl CGD

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte: [email protected]